Caroline County SANT SANTE/DANTÈ ESKOLÈ YO FÒM (Haitian Creole) Logo
  • Konte Caroline Lekòl Piblik yo

    Sant Sante Eskolè yo
  • Antanke elèv nan sistèm Eskolè Piblik nan Konte Caroline yo, pitit ou a gen aksè ak Sant Sante Eskolè yo nan Choptank Community Health. Tanpri ranpli fòm enskripsyon ki atache a epi retounen l bay enfimyè eskolè ou a. Yon fwa ou enskri, ou ap rete ladan jiskaske ou diplome!


    Nou se yon sous ki ideyal nan domèn bon kalite swen sante k ap travay an kolaborasyon ak doktè pitit ou a, dantis la epi ak enfimyè eskolè a. Sant Sante Eskolè ak Swen Dantè yo ki nan Lekòl la pa pran plas Founisè Swen Prensipal ou a oswa Dantis Prensipal ou a.

    SÈVIS KI DISPONIB NAN SANT SANTE ESKOLÈ YO

    • Sèvis Dyagnostik ak Tretman Maladi
    • Evalyasyon Risk pou Sante
    • Sèvis Sante Konpòtmantal
    • Fliyò dantè/tretman jwenti/netwayaj
    • Vizit Sante Fizik ak Espòtif
    • Tès laboratwa pou maladi grav
    • Sèvis Nitrisyon/Dyetetisyen
    • Edikasyon Sanitè
    • Telesante/Vizit Vityèl
    • Sipò pou maladi kwonik

     

    APRE LÈ TRAVAY YO: IJANS MEDIKAL AK DAN 443-329-9920

    Si ou gen nenpòt kesyon sou pwogram nan, tanpri kontakte CCHS nan (410) 479-4306, ekst. 1038

  • Sant Sante Eskolè yo | FÒM ENSKRIPSYON/MIZAJOU MEDIKAL & DANTÈ

    Yon fwa ou enskri, ou enskri nèt! | Caroline County Public Schools
  • ENFÒMASYON SOU ELÈV LA

  • Doktè prensipal la

  • Dantis prensipal la

  • Famasi

  • ENFÒMASYON SOU PARAN/MOUN KI RESPONSAB LA

  • KONTAK POU IJANS

  • ASIRANS SANTE

  • REMAK: Si elèv ou a pa gen asirans sante, l ap toujou kalifye pou li jwenn sèvis. Ou ka aplike nan pwogram frè varyab la pi ba nan fòm sa a.

    Si ou gen asirans sante men ou pa jwenn enfòmasyon sou asirans ou a ki disponib nan moman sa a, ou ka bay li nan yon lòt dat.

  • ASIRANS DANTÈ

  • REMAK: Si elèv ou a pa gen asirans dantè, l ap toujou kalifye pou li jwenn sèvis. Ou ka aplike nan pwogram frè varyab la pi ba nan fòm sa a.

    Si ou gen asirans dantè men ou pa jwenn enfòmasyon sou asirans ou a ki disponib nan moman sa a, ou ka bay li nan yon lòt dat.

  • Enfòmasyon sou frè varyab

    Si ou pa enterese aplike pou pwogram frè varyab la, tanpri klike sou bouton "Sa ki vin apre" a nan pati anba paj la. Pasyan ki nan pwogram frè varyab la kapab jwenn rabè y ap kalkile dapre revni yo genyen. Tout pasyan yo ak fanmi yo kalifye pou aplike pou pwogram frè varyab la, menm si yo gen asirans.
  • ISTWA SOU SANTE/DANTÈ

  • ISTWA FANMI

    ÈSKE YON MANM FANMI PWÒCH (paran, frè ak sè, granparan) TE DEJA GENYEN YOUN NAN BAGAY SA YO:
  • Konsantman ak Siyati

    Lè ou siyen fòm sa pi ba a, ou dakò:
  • Mwen konprann siyati mwen montre mwen bay konsantman m pou Pwofesyonèl nan Sant Sante Eskolè/Dantè ki nan CCHS yo trete pitit mwen an epi pou yo kominike ak pwofeyonèl swen sante prensipal pitit mwen an. Mwen bay CCHS pèmisyon pou rele lakay mwen, kite yon mesaj konsènan enfòmasyon sou swen sante. CCHS gen dwa voye enfòmasyon sou swen sante lakay mwen pa mwayen kourye.

    Mwen konprann yo pral itilize enfòmasyon sou sante pitit mwen an pou tretman, pèman ak pou entèvansyon anrapò ak swen sante.

    Mwen rekonèt yo pral itilize anyè eskolè yo pou jwenn enfòmasyon ki rete vid nan fòm enskripsyon an.

    Yo gen dwa pataje dosye vaksinasyon pitit mwen an ant Enfimyè Eskolè a ak Sant Sante Eskolè/Dantè yo. Pou rezon kowòdinasyon swen ak jesyon ka, Anplwaye Klinik Esklolè a pral gen aksè ak dosye sante SBHC/SBDP yo epi Anplwaye Klinik Eskolè a pral pataje enfòmasyon medikal yo ak pèsonèl SBHC/SBDP. Anplwaye klinik Eskolè a gen obligasyon pou trete enfòmasyon ki nan dosye sante SBHC/SBDP yo kòm bagay ki konfidansyèl epi yo dwe respekte Lwa sou konfidansyalite HIPAA yo ak Lwa FERPA yo.

    Mwen konprann elèv la gen dwa mande pou vizit yo rete konfidansyèl. Lwa Maryland yo pa egzije konsantman paran yo pou tretman oswa konsèy konsènan depandans dwòg, alkòl, maladi moun pran nan fè sèks, gwosès, oswa metòd planin. Elèv ki gen 12 zan oswa plis ka resevwa sèvis sante mantal san konsantman paran yo. Nan okenn sikonstans, dosye SBHC/SBDP p ap vin fè pati dosye sante eskolè elèv la.

    Mwen konprann se konpayi asirans mwen an oswa Asistans Medikal mwen jwenn ki pral peye fakti pou sèvis yo bay pitit mwen an. Mwen ka resevwa yon fakti nan men CCHS pou kopeman ak/oswa dediksyon yo.

    Mwen konprann siyati mwen montre mwen te gen opòtinite pou resevwa epi egzamine Avi sou Pratik Konfidansyalite Choptank Community Health la. Nou patisipe nan echanj enfòmasyon sou sante CRISP ("HIE") pou pataje dosye medikal ou yo ak lòt founisè swen sante ou yo ak pou lòt rezon ki byen detèmine. Ou gen dwa pou ou limite fason yo pataje enfòmasyon medikal ou yo. Nou ankouraje ou li Avi sou Pratik Konfidansyalite nou an epi jwenn plis enfòmasyon sou règleman CRISP pou pataje dosye medikal yo nan www.crisphealth.org.

    Si mwen pa gen asirans, y ap mete tout pri sèvis yo nan fakti frè pou vizit yo oswa nan yon pousantaj redui ak yon rabè frè varyab, si sa aplikab. Yo pral ban m yon Aplikasyon Frè Varyab, kit mwen gen asirans sante/dantè oswa non.

    Ou ka jwenn fòm enfòmasyon konfidansyèl nou yo sou entènèt nan choptankhealth.org/formsinformation

  • Clear
  • Si w bezwen enskri yon lòt elèv, klike sou bouton "Soumèt" la anba a, apre klike sou bouton "Enskri yon lòt elèv" sou lòt paj la.

  • Should be Empty: