• Konsantman Enfòme pou Sèvis Klinik Sante Lekòlki founi pa Shalom Health Care Center Inc. pouAne Skolè 2024-25

    Konsantman Enfòme pou Sèvis Klinik Sante Lekòlki founi pa Shalom Health Care Center Inc. pouAne Skolè 2024-25

  • Atansyon Paran yo/Responsab yo:

    Lekòl pitit ou ak Shalom Health Care Center fè patenarya pou opere yon klinik sanitè lekòl andedanlekòl la. Bi a se ede fanmi w epi founi sèvis medikal sa yo pou elèv yo pandan yo lekòl, asiste doktèpitit ou avèk bezwen swen medikal yo, ak founi aksè nan swen medikal de bon kalite pou moun ki pagenyen okèn sèvis swen medikal.

    Klinik nou yo ekipe avèk Enfimyè Anrejistre (RN), Enfimyè Pratik Lisanse (LPN), oswa Founisè PratikAvanse (APP) tankou Enfimyè Pratikan (NP) oswa Asistan Medsen (PA). Yon APP fè degre Metrizoubyen pi wo, epi yo fòme e yo gen lisans nan men eta a pou yo dyagnostike ak trete moun. Sèvis nouyo pa fèt pou yo ranplase founisè swen prensipal pitit ou.

    An konfòmite avèk Lalwa Eta Indiana, tout fanmi ki anvi pitit yo resevwa sèvis medikal nan Klinik Lekòl Shalom yo (SBC) dwe fè Paran oswa Responsab Legal elèv la siyen ak soumèt yon fòmilèKonsantman pou Trete e ranpli yon istorik medikal brèf chak ane skolè. Enfòmasyon sa yo bay pèsonèlmedikal nou enfòmasyon ki pi plis okouran sou pitit ou. Tout enfòmasyon yo pral rete konfidansyèl kòmpati nan dosye medikal pitit ou. Fòmilè konsantman an p ap valab si genyen nenpòt pòsyon nan fòmilèa ki pa fin ranpli konplètman.

    Enpòtan:

    • Konsantman sila a aksepte nan tout lekòl ki genyen yon Klinik Lekòl Shalom.
    • Konsantman sila a valab pandan ane skolè 2024-25 antye a (1e Jiyè 2024, rive 30 Jen 2025).
    • Paran yo/Responsab yo kapab bay yon demann alekri pou yo retire konsantman ak trètman nannenpòt moman.
    • Paran yo/Responsab yo responsab pou yo notifye pèsonèl klinik Shalom yo de kèlkeswachanjman nan istorik sante elèv la, oubyen enfòmasyon sou gad legal ak/oswa demografik.
    • Nou founi pwogram klinik lekòl sila a ba w gratis pou ou menm ak fanmi w. Sepandan, pou nouasire kapasite nou pou nou kontinye ap ofri sèvis klinik lekòl ak swen pou pitit ou, Shalom pralfaktirize pou sèvis yo epi kolekte nan men nenpòt asirans twazyèm pati pitit ou kapab genyen. Sepou rezon sa, nou egzije w founi enfòmasyon asirans medikal ou pou nou kapab founi sèvis yo.Fanmi yo p ap resevwa yon bòdwo pou okèn sèvis nou founi nan klinik lekòl yo.

    Mèsi pou koperasyon w epi dèske w ban nou privilèj la pou nou patisipe nan bezwen swen medikal pititou.

  • Rezime Avètisman sou Pratik Konfidansyalite

  • Rezime sa a dekri kijan Shalom itilize ak pataje enfòmasyon pitit ou ak kijan ou kapab jwenn kopi enfòmasyonsa yo. Avètisman sou Pratik Konfidansyalite konplè a disponib sou www.shalomhealthcenter.org osi byen ke nanchak nan klinik nou yo. Nou kapab itilize oubyen pataje enfòmasyon pitit ou pou bagay sa yo:

    • Trètman – tankou diskisyon sou swen pitit ou pami pèsonèl medikal la
    • Peman – tankou faktirize asirans pou sèvis nou founi pou pitit ou.
    • Operasyon yo – tankou travay pou amelyore kalite swen an, fè piblisite pou sèvis nou founi yo, etc.
    • Lòt fason – tankou repòtaj obligatwa sou maladi pou ofisye sante nan nivo konte a ak eta a, repòn demanntribinal, rapèl sou randevou, lèt rezilta tès, etc.

    Eksepsyon yo

    Lwa diferan kapab aplike pou sante mantal, planifikasyon fanmi, trètman dwòg ak alkòl akSIDA/VIH. Kèlkeswa lòt rezon pou itilize oubyen pataje enfòmasyon sante pitit ou pral fèt sèlman avèk pèmisyonw alekri spesifikman oubyen jan lalwa egzije a.

    Konsènan enfòmasyon sante pitit ou, ou genyen dwa sa yo:

    • Mande restriksyon sou kijan nou pataje enfòmasyon pitit ou. Shalom pa oblije dakò pou aksepterestriksyon ki mande men nou pral notifye w si nou pa kapab akomode demann ou.
    • Akeri ak enspekte yon kopi dosye medikal pitit ou.
    • Mande koreksyon pou enfòmasyon nan dosye medikal pitit ou ki pa kòrèk oswa ki pa konplè.
    • Mande nou kontakte w pa lapòs oubyen telefòn nan yon adrès ak/oswa nimewo telefòn altènatif.
    • Chanje lide w si w akòde nou pataje/itilize enfòmasyon pitit ou anvan pou rezon apa de sa ki presize anwoa.
    • Resevwa yon lis de chak fwa nou te pataje enfòmasyon pitit ou. Lis sila a pral genyen chak fwa lalwaegzije nou anrejistre ladan li sèlman.

    Chanjman

    Pandan nou sèvi pasyan nou yo, nou kapab chanje kijan nou jere enfòmasyon pitit ou. Si nou ta fè nenpòtchanjman, nou pral ba w yon nouvo avètisman pwochen fwa w vini nan klinik nou an. Ou kapab rele oubyen ekrinou nenpòt kilè pou tcheke pou wè si nou fè chanjman.

    Plent

    Si w kwè dwa w sou konfidansyalite te vyole, ou kapab depoze yon plent avèk Ofisye Konfidansyalite Shalom.Epi tou ou kapab depoze yon plent avèk Ministè Sante ak Sèvis Imen Ameriken an. Si w ta chwazi depoze yonplent, sa p ap afekte swen ou nan okèn fason.

  • Tanpri adrese kesyon oubyen plent bay

    Shalom Privacy Officer

    3400 Lafayette Road, Suite 200

    Indianapolis, IN 46222

    (317) 291-7422

     

  • Image-4
  • Mwen bay pèmisyon pou * Pick a Date*
    resevwa sèvis medikal nan klinik lekòl la (SBC) nan lekòl pitit mwen an pandan ane skolè 2024-25 lan.(Konsantman an vigè apati 1e jiyè 2024, rive 30 jen 2025.) Mwen konprann founisè klinik lekòl la pa ranplaseFounisè Swen Prensipal mwen ni li pa kapab okipe tout bezwen swen medikal pitit mwen.

    1. Mwen te li enfòmasyon yo te ban mwen konsènan klinik sante lekòl la ak distribisyon enfòmasyon epimwen konprann ki sèvis klinik la pral bay ak sa yo pa pral bay. Konsantman mwen pral pèmèt pitit mwenresevwa sèvis sante pandan li yon elèv nan nenpòt lekòl ki genyen yon SBC Shalom pandan delè li anvigè a. Mwen konprann si mwen chwazi anile sèvis sa yo, fòk mwen bay demann lan alekri. Li pralresponsabilite pa mwen pou mwen notifye pèsonèl klinik la konsènan chanjman nan gad legal,kowòdone, ak istorik sante.
    2. Konfidansyalite Enfòmasyon: Yo te enfòme mwen ke Shalom te prepare yon AVÈTISMAN SOU PRATIKKONFIDANSYALITE detaye konsènan enfòmasyon sante pèsonèl pitit mwen an. Mwen konprannkondisyon yo nan avètisman an kapab chanje, epi avètisman aktyèl yo pral disponib sou sitwèb ak nanenstalasyon Shalom yo.
    3. Distribisyon Enfòmasyon: Mwen konprann sèvis yo ki founi pa klinik swen medikal lekòl la konfidansyèl.Klinik la pral itilize ak divilge enfòmasyon sante pèsonèl pitit mwen pou yo bay trètman ak oswaamelyorasyon operasyon swen medikal. Yo kapab pataje enfòmasyon pitit mwen avèk doktè/founisè pititmwen, pèsonèl lekòl apwopriye, oubyen founisè asirans pitit mwen pou objektif lejitim. Mwen otorizedistribisyon enfòmasyon medikal pitit mwen bay lòt founisè ki kapab genyen pitit mwen kòm pasyan. Epitou mwen otorize itilizasyon enfòmasyon nan dosye medikal pitit mwen pou objektif swen medikal,trètman, administrasyon ak evalyasyon klinik la. An plis de sa, Mwen bay pèsonèl klinik la konsantmanmwen pou yo gade, ak mete dosye sante lekòl pitit mwen ajou, vaksinasyon ladan l.
  • Clear
  •  / /
  • ENFÒMASYON ASIRANS (SEKSYON OBLIGATWA)

    Kouvèti asirans PA obligatwa pou w konsilte nan yon klinik Shalom; sepandan, FÒK seksyon sa a ranpli.
  •  - -
  • *Antanke yon Sant Medikal Kalifye Federalman, Shalom oblije tante kolekte enfòmasyon sou gwosè kò kay ak revni pou kontinye resevwafinansman espesyal pou klinik lekòl nou yo. Tanpri sipòte pwogram nou yo epi founi enfòmasyon swivi yo:

  • NOU P AP FOUNI SÈVIS SAN KONSANTMAN PARAN/RESPONSAB SIYEN JAN LALWA ETA INDIANA AEGZIJE A.

  • ENFÒMASYON PASYAN POU ANE SKOLÈ 2024-25

  •  / /
  • KONTAK PANDAN LAJOUNEN & NAN KA DIJANS

  • KONTAK 1

  • KONTAK 2

  • KONTAK 3

  • KONTAK NAN KA DIJANS

    si nou pa ka jwenn Paran/Responsab
  • ENFÒMASYON MEDIKAL- Tanpri koche Wi oubyen Non pou TOUT kesyon yo

  • Èske pitit ou fè oubyen te fè…

  • For office use only

  •  
  • Should be Empty: