Miami-Dade County Public Schools
Superintendent of Schools Dr. Jose L. Dotres
Miami-Dade County School Board Mari Tere Rojas, Chair Monica Colucci, Vice Chair Roberto J. Alonso Dr. Dorothy Bendross-Mindingall Mary Blanco Danny Espino Dr. Steve Gallon III Joseph S. Geller Luisa Santos
La "Code of Student Conduct (COSC)" (Kòd Konduit Elèv) ki fèk revize a ki an konfòmite ak Iwa lokal, eta, ak federal avèk yon konsantrasyon pou pwomote yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite pou asire siksè akademik. COSC a etabli prensip konduit nou ap atann de elèv yo nan yon anviwònman aprantisaj ki gen bonjan sekirite kote yo valorize prensip swen, koutwazi ak respè pou dwa lòt moun. Li adrese tou wòl paran/gadyen, elèv, ak lekòl yo, men tou li konsantre sou valè debaz yo e egzanplifye konpòtman, dwa ak responsablite elèv yo, adrese konpòtman elèv, ak pwosedi aksyon disiplinè yo. Li enpòtan pou paran/gadyen ansanm ak pitit yo pran tan pou revize COSC a. Gen anpil revizyon solid pou nou toude, paran/gadyen ak elèv yo bezwen revize. Anplisdesa, nou dwe remake tou konpòtman ki komèt sou kanpous oubyen andeyò kanpous lekòl la ka vyolasyon COSC a e li ka tou vyolasyon Iwa Florid la. Vyolasyon sa yo ka lakòz aksyon disiplinè otorite pou ranfòsman Iwa lokal yo ka enpoze, anplis pa lekòl/distri yo. Ou ka jwenn aksè sou COSC la nan vizite codeofconduct.dadeschools.net Si W pa gen aksè sou Entènèt, ou ka ale nan lekòl pitit ou a e mande pou W revize manyèl Kòd Konduiit Elèv la. Silvouplè, pran tan pou revize e diskite enpòtans Kòd Konduit Elèv la avèk pitit ou a oubyen pitit ou yo. Aprè ou fin revize Kòd Konduit Elèv la, oumenm ak pitit ou a/pitit ou yo dwe siyen, date, e retounen fòm ki akonpaye lèt la ki rele "Parent Receipt and Acknowledgement Form" (Fòm Atestasyon Paran an Resevwa e Revize Fòm nan) bay lekòl pitit ou a nan espas 5 jou lekòl. Mwen konsidere chak paran/gadyen kòm yon patnè enpòtan nan Lekòl Leta Miami-Dade County e mwen rekonèt ou pataje menm objektif la ak tout lekòl nou yo, ki se kreye yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite ki pwomote siksè akademik. Pou rezon sa a, nou espere ou konprann enpòtans konpòtman Distri a ap atann de elèv yo, ak estrateji korektif yo ap aplike anka yo gen move konduit.
School Board Administration Building
1450 N.E. 2ⁿᵈ AvenueMiami, Florida 33132
www.dadeschools.net 305-995-1000