DEBAT AYITI envite direksyon lekòl segondè yo enskri enstitisyon yo nan Konkou Debat Ayiti 2027, yon inisyativ edikatif ki vize ankouraje panse kritik, elokans, agimantasyon ak lidèchip lakay jèn ayisyen yo, atravè deba akademik nan lang kreyòl ayisyen.
Konkou sa a reprezante yon espas aprantisaj ak konpetisyon kote elèv yo ap gen opòtinite pou devlope kapasite refleksyon yo, defann lide yo avèk agiman solid, pratike dyalòg konstriktif epi aprann respekte opinyon ki diferan ak pa yo.
PRIM AK REKONPANS
Pou rekonèt efò, talan ak ekselans akademik patisipan yo, Konkou Debat Ayiti 2027 prevwa rekonpans pou ekip ki rive nan tèt konpetisyon an.
🏆 Ekip Chanpyon
50 000 goud
Lòt kado ak rekonpans espesyal.
🥈 Ekip Vis-chanpyon
25 000 goud
Lòt kado ak rekonpans espesyal.
Rekonpans sa yo vize ankouraje elèv yo bay pi bon pèfòmans yo, valorize kapasite entelektyèl yo epi kontinye angaje yo nan aprantisaj, refleksyon kritik ak devlopman lidèchip.
KONDISYON PATISIPASYON
Chak lekòl dwe prezante yon delegasyon ki gen senk (5) manm:
Twa (3) elèv k ap fè deba.
Yon (1) antrenè oswa pwofesè responsab ekip la.
Yon (1) reprezantan direksyon lekòl la.
Elèv k ap patisipe yo dwe nan klas NS2, NS3 oswa NS4 pandan ane akademik 2026–2027, dapre règleman ofisyèl konkou a.
Frè enskripsyon: Gratis (0 goud).
Direksyon lekòl la dwe ranpli fòmilè sa a avèk presizyon, bay enfòmasyon ki obligatwa yo epi verifye tout done yo anvan li soumèt enskripsyon an.
Soumèt fòmilè a reprezante yon demann enskripsyon. Konfimasyon patisipasyon an fèt dapre pwosedi òganizasyon an ak règleman ofisyèl konkou a.
DEBAT AYITI — Pawòl Jodi, Fòs Demen!