Atansyon Paran yo/Responsab yo:
Lekòl pitit ou ak Shalom Health Care Center fè patenarya pou opere yon klinik sanitè lekòl andedan lekòl la. Bi a se ede fanmi w epi founi sèvis medikal sa yo pou elèv yo pandan yo lekòl, asiste doktè pitit ou avèk bezwen swen medikal yo, ak founi aksè nan swen medikal de bon kalite pou moun ki pa genyen okèn sèvis swen medikal.
Klinik nou yo ekipe avèk Enfimyè Anrejistre (RN), Enfimyè Pratik Lisanse (LPN), oswa Founisè Pratik Avanse (APP) tankou Enfimyè Pratikan (NP) oswa Asistan Medsen (PA). Yon APP fè degre Metriz oubyen pi wo, epi yo fòme e yo gen lisans nan men eta a pou yo dyagnostike ak trete moun. Sèvis nou yo pa fèt pou yo ranplase founisè swen prensipal pitit ou.
An konfòmite avèk Lalwa Eta Indiana, tout fanmi ki anvi pitit yo resevwa sèvis medikal nan Klinik Lekòl Shalom yo (SBC) dwe fè Paran oswa Responsab Legal elèv la siyen ak soumèt yon fòmilè Konsantman pou Trete e ranpli yon istorik medikal brèf chak ane skolè. Enfòmasyon sa yo bay pèsonèl medikal nou enfòmasyon ki pi plis okouran sou pitit ou. Tout enfòmasyon yo pral rete konfidansyèl kòm pati nan dosye medikal pitit ou. Fòmilè konsantman an p ap valab si genyen nenpòt pòsyon nan fòmilè a ki pa fin ranpli konplètman.